Venes - Map Tann Bondye lyrics

Published

0 349 0

Venes - Map Tann Bondye lyrics

Ke Map tann Bondye Map tann Bondye Map tann li vini pou mwen ka ale Map tann Bondye Map tann Bondye Map tann li vini, vini cherche-m Verse 1 Yo Bondye m’ape tann ke-m pa pantan Mwen rete tou dousman paske m-konnen li vivan Byen loin li te pran-m mete-m pami moun sove Ban-m nove idantite e kounya mape chante Ba li glwa li merite ale toupatou preche Fe tout mond lan konnen se li mennm ki Bondye Li ki sove si-w pa genyen’l ou chire Jan 14 vese 6 si-w pa kwe-m al gade Pawol la pa manti ou bezwen Jezi Wout la difisil ou pa kapab fe-l san li Le wap mache nan fe nwa l’ap sevi-w kom limye Le-w pa we agoch adwat l’ap di-w kote pou fe Ret trankil tann Jezi tro prese pap fe zye-w louvri Travay di l’ap vini M-pa konn ki jou ni le min m’ap tann li vini Ke Map tann Bondye Map tann Bondye Map tann li vini pou mwen ka ale Map tann Bondye Map tann Bondye Map tann li vini, vini cherche-m Verse 2 Annou rete tann avek yon fem asirans Bondye ap vini pou kanpe tout vyolans Sa yo ki pa kwe ki nan tout anbyans Le jou a va rive yo tout ap jwenn santans yo Yo pa tande levanjil preche min yo pa chanje Y’ap y’ap viv nan peche min Jezi vini zanmi-m ki kote-w va ye Ran-ran-ranje koze-w le Jezi vini mwen di pou-w ka ale Ale ave’l nan syel la chita pale manje koze ave’l Jezi ka vini kounya a pa gen jou pa gen le nenpot le li ka paret Ke Map tann Bondye Map tann Bondye Map tann li vini pou mwen ka ale Map tann Bondye Map tann Bondye Map tann li vini, vini cherche-m