Venes - Ayiti Se Lakay lyrics

Published

0 265 0

Venes - Ayiti Se Lakay lyrics

Ayiti mwen Fet mwen grandi e mwen leve Pa tro lontan ke mwen kite’l koman fe pou’m ta bliye’l Ke mwen zantray mwen ave’l m’ape panse Mwen domi mwen leve li mwen we devan zye’m Tankon timoun ke bezwen tete yon machin ki bezwen sevis Se konsa ke mwen ye san Ayiti mwen pa kapa viv Touye’m rache’m banm peyi’m Ayiti Mwen gentan kate tout mwen menm se pou li E li pou mwen tou nou genyen menm gou Mezanmi gad on lanmoun ke vle fe fe mwen fou Mwen kouri toupatou nan tout lakou Map ponpe chante danse jouk li jou Tankou Romeo Jiliet lanmou sa pa gen parey Tankou JeziKri ak nou lanmou sa sense Bel kon akansyel, dous kon siwo myel Ayiti se lakay, e lakay se bon bagay Ke Lakay se lakay, se la mwen vle ale Lakay se lakay, pa gen bil pou peye Lakay se lakay, se la ki gen fridom Lakay se lakay, se la map retounen yea 2 Tout kote’m pase yo gentan ka idantifye’m M’pa menm montre paspo’m yo konnen nasyonalite’m Ou konnen kote’m soti, yo konnen kiyes mwen ye Yo konnen Ayiti se sel peyi m’reprezante Si wap cheche’m chak ane chak vakans Ayiti pou ale paske se la mwen jwenn anbyans Se la’m ’santi’m anpe Ayiti pa gen problem Se la’m santi’m alez le mwen kage sou yon chez Nan jadin an map bwe dlo kokoye Manje mango manje kann, fe tout sa’m vle Ale nan plaj la, kale kom la Benyen pran plezi’m jouk li fe nwa Tankou Romeo Jiliet lanmou sa pa gen parey Tankou JeziKri ak nou lanmou sa sense Bel kon akansyel, dous kon siwo myel Ayiti se lakay, e lakay se bon bagay Ke Lakay se lakay, se la mwen vle ale Lakay se lakay, pa gen bil pou peye Lakay se lakay, se la ki gen fridom Lakay se lakay, se la map retounen yea Bridge Ayiti cheri se ou m’renmen Pa gen lot peyi ki ka tankou’w Se la’k gen plezi Se la’m jwenn lavi Anverite map fou pou ou (2Fwa) Ke Lakay se lakay, se la mwen vle ale Lakay se lakay, pa gen bil pou peye Lakay se lakay, se la ki gen fridom Lakay se lakay, se la map retounen yea Ayiti Ayiti yea, Ayiti Ah Ayiti Ayiti se lakay, Ayiti yea Ayiti Ayiti se ou m’renmen Se ou m’renmen Ayiti, Ayiti yea yea Ayiti yea yeaaaaaaaaa