Ouragan - Boutèy anlè lyrics

Published

0 325 0

Ouragan - Boutèy anlè lyrics

Intro Click click yow, 48 bars ankò wi Cherie Kolabo recordz Ou konn sa m ap bwè la a : “vas au s**” Refren Boutèy anlè (xxx) Pase m boutèy la silvouplè pou m chache yon koulè Yon koulè ki pou fè m wè klè pou m bliye tout doulè Sitoulè m anvi pèdi tèt mwen pou m rete dou lè Pwoblèm yo vle mete m atè pou m ka rete anlè Strophe 1 Si w pa vle fou nan peyi sa a chache yon boutèy pou w kage Oubyen w chache on plezi seks oubyen zanmi pou w blage Wi m konnen nou bezwen trip men teks K-Libr pa ka ge Men mbaw sa pou wdanse sak fè son “krunk” m lage Rezon kounya pou de patnè chita ansanm se yon vè Kleren fanm ak biyè fè je ti nèg vire lanvè Kèk grenn diri enpòte nan vant yo pwal touye vè Plis yon viza sifi pou fè l bèbè ou pale bè Politisyen avèk machann kleren se menm Youn bay pawòl youn bay alkòl men efè yo se menm Se fè yon bann moun sou al lage kò yo nan pisin Fè yon bann lò sou bloke lari boule machin Lè kòb machann kleren pwan chè, kounya l pwal fè frechè Lè gwòg tafyatè pwan chè kounya l pwal dòmi sou dechè Ti pèp tou mal nouri, menm lè l bwè fò l al vomi Jiskaske l al mouri, oubyen yo fè l al dòmi Strophe 2 Menm si w wè m sou m ap vomi pa panse m gen kolera Se dlo poupou vomi yo di k bay moun yo kolera Men MINUSTAH k pote mikwòb la li l toujou kole la Al bwè dlo sikre ak sèl pa vin pete tole la a Gen pwazon pou rat sourit pinèz fomi marengwen Se pa sèlman zam ak kòb mikwòb ka touye ayisyen Pou pwodiksyon agrikòl nan plas traktè yo bann cha Nan kanaval isit se sèlman “Wony” yo bay cha M fenk kare bwè men m pap sou, m vle wè klè menm m pap fou Sil pa sou li sonw sousou, sa k pa di fout se soufnantchou Si yo kwè l te sou lekòl ti joslin tap pwan kanè Si pat gen egzamen kòman w vle pou w jwenn kanè Pouta se mwayenn 10 pou tout eleèv kay “Lambert” Yon lekòl ki chaje vis kòman w ta vle pou n pa nan bè Entelektyèl kòsmòbè, swa l avèg ou swa l bèbè Politisyen kounabè ki pwan pèp la pou sòbèbè Strophe 3 Depi tafya fin koule, pyès moun pa ka kanpe Tout bèl lide koule sa k pa kilbite dwe tonbe Yo pito militon yo gonfle twòp nan berejèn O vle yon militant ki konn kijan pou l bere jèn Kounya m konnen tout lafimen just pa leve pou menm kòz Genyen k pou defann yon kòz, genyen se pou di l pa wòz Genyen k pou ogmante dòz, Genyen se zòt kap pwan pòz Genyen k se lafimen bòz, genyen k se pou kreye “buzz” Anpil moun te fè kòb nan 12-01-10 men k pè di sa 300 mil moun te jwe boul sa yo ak vi yo men k pèdi sa Tout moun men nan tèt Men depi se bòlèt ou fè pèt ou pa ka di kèt ni regrèt, ni remèt ou pèdi nèt Men nou twò bèt Ou pa ka fè dèt sou lajan bòlèt pou w rale manchèt lè w pèdi pou w anvi koupe tèt Sispann di n granmoun si n vle yo ban nou diri jan Yo te fè l aprè 12 se yo k pou ban nou dirijan Chay la te sou tèt tonbe sou zepòl se pa wòl mwen men depi m bwè m di pawòl Nèg a kòl pa ta vle n gen kontwòl nan plas lekòl yo ban n alkòl Outro Yo! Apa m tande w di entèl pi fò pase m Ou gen lè fou man Ou pa wè kounya a se grenn map achte poum ka sòt Enbesilsilin, kokoratsetamòl, epi tout lòt yo