Leyla McCalla - Manman lyrics

Published

0 169 0

Leyla McCalla - Manman lyrics

Se pa supriz si jodi ya m ap chante pou w Pou valè mizè ke w pase M pa kwè m ap janm finn peye w Nou pa moun la grann sosyete N ap woule sou w jekwa zan dye manman. Pito nou chante souple Rele lespwa kote l ye Pou nou pa dekouraje Car nou egziste. Manman cheri se ou k tout vi m Detèminasyon m Jès tandrès afeksyon manke Tout sa kòz de sitiyasyon m M gade w lan je ou gade m lanje Se kè nou tou de k ap rache manman Kou w tande mwad me rive Manman m pa gen jou sacre Li sou tè ya l ekziste Lakay flè roz pa antre. Ou wè ke mwen devwe M chèche lavi pou m pa kite w soufri Se pa anvi m manke Il parait se jou pa nou an ki poko rive Ou wè ke mwen devwe M chèche la vi pou m pa kite w soufri Se pa anvi m manke Il parait se jou pa nou an k poko rive manman. Gad jan la vi fè m kazwele Fè mwen reziye M jen ponyèt pa koupe Vye manman m trime l ap trime Kou w tande n chita n ap pale Depi w tande l pran le pase manman Tou swit fò l gen dlo lan je Lò sa a bon anj mwen ale Menm vole mwen ta vole Pou l kab console. Son w vye madanm Ki gen kouray pou li reziste Apre oun karès oun tèt grate Li souri l mande fe de rale Li di pitit mwen nou pat ne Ke montay pa konn deplase manman Tout moun pat fèt pou ere Moun pa fèt pou l twò prese Se paske w ka obsève Ki fè w gen tèt chaje. Ou wè ke mwen devwe M chèche lavi pou m pa kite w soufri Se pa anvi m manke Il parait se jou pa nou an ki poko rive Ou wè ke mwen devwe M chèche la vi pou m pa kite w soufri Se pa anvi m manke Il parait se jou pa nou an k poko rive La la la...