Kla** - Map Marye lyrics

Published

0 408 0

Kla** - Map Marye lyrics

[Verse 1] Papi pa di m ou bliye Mati ou di m ou te pase Lè ou ak manmanm te fèk rankontre Se paske w te kenbe jodya m ekziste [Pre-chorus] Pouki ou vle pou pitit ou eritye Mizè ou te andure, se pa sa l ta dwe ye Se li mwen vle, benediksyon ou konte Men si w pa aksepte, m ap oblije marye [Chorus] M ap marye, oh m ap marye avè l Li respekte fanmi l, nan li mwen wè lavi m M ap marye, oh m ap marye avè l M pa mande pèmisyon, m ap chèche benediksyon [Verse 2] Manmi ou di m ou pa vle wè l Ou di m san w pa ale avè l Sonje se mwen ki pral viv avèl Li fè lavi m pi bèl ohh [Pre-chorus] [Chorus] [Guitar solo] Woy, woy konpa Pipo tout jan tout tan Wouch, oh letènèl Lalalalalala Eske son patisyon plòtonnen Mamni tande – ya oh Sa se pitit ou kap pale – ya ya oh Mwen toujou fè sa w vle men fwa sa ou dwe sipòte m – ya ya oh Papi tanpri – ya oh M konnen w pa ta vle m soufri – ya ya oh Men ou pa ka fè santiman m, se li menm ki tout kè kontan m Manmi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l Nou pa ka chwazi pou mwen, je suis plus un garmin Papi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l Nou toulède gradye profesyonèl nou ye Cheri pa enkyete w, m gen kontwòl tout bagay K L A S S, kla** Konpa, konpa Sa son w brezo Woy woy, yo mele Yaya fly Woy woy, yo mele Kla** it is baby, yes it is baby Moskino Bon nou pral bay on ti apèsu sou bal la wi, tande sa Gen sa k gen tèt ki pa gen kò Gen sa k gen kò ki pa gen tèt Nou menm djaz sa nou gen tèt nou gen kò, depose konpa Se se se, ay, men konpa Manmi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l Si nou konnen nou byen eduke m, pouki nou gen dout sou chwa m ap fè Papi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l