Kla** - Pitit deyo lyrics

Published

0 182 0

Kla** - Pitit deyo lyrics

Depi leu mwen te tou piti Mwen toujou konn ap siveye kileu papam ap rantre Leu vinn grandi, mwen gen lespri Se leu sa map reyalize papam se mesye marye Chak fwa pou'n rankontre, se nan kache, se nan sere Se toujou avèk dlo nan je Chak fwa pou'n rankontre, se nan kache, se nan sere Paske mwen se pitit deyo Pitit deyò, pitit deyò… Mwen di hey M pa vle moun konprann map vinn defann vagabon Se pa ke m' pa konn papa M' pa gen rezon Men kisa m'fè pou'm mande padon Madan marye voye pye Se tout dwa'l men'l pa panse Mwen pat mande pou'm egziste Papa'm vle supòte'm Men madanm li opoze I know why! Paske mwen se pitit deyò Ah, aah! Kla** it is baby, yes it is baby! Nickson! Aya man! Mwen konnen papa'm an tò Paske'm se pitit deyò Madan marye! Tanpri ban'm yon ti chans Se pa mwen kite mande fèt E'm pa kwè papa'm regrèt Madan marye! Tanpri banm yon ti chans Oh! se pa yon bagay ki fasil Yon fwaye k' pa ekilibre Manman'm pase mizè anpil Dèfwa li gade'm li tonbe kriye Kesyon mwen gen pou ou madanm Kijan'w tap santi'w nan plas mw? Eske'w patap soufri? Ou pa tap jemi? Banm yon ti chans tanpri Mwen konnen papa'm an tò Paske'm se pitit deyò Madan marye! Tanpri banm yon ti chans Se pa mwen kite mande fèt E'm pa kwè papa'm regrèt Madan marye! Tanpri banm yon ti chans Oh! Se pa yon bagay ki fasil Yon fwaye ki pa ekilibre Manman'm pase mizè anpil Dèfwa li gade'm li tonbe kriye Le mal est déjà fait madanm Kijan'w tap santi'w nan plas mwen Eske'w pa tap soufri? Ou pa tap jemi? Banm yon ti chans tanpri Gen madan marye ki pa konsa! Mwen di woy! woy! woy! Gade mizè mwen! Mwen di woy! woy! woy! Gade touman mw! Mwen di woy! woy! woy! Epi tout moun repete sa konsa Peyi'm gen yon bann moun konsa ladann Gen yon pakèt pitit deyò ladann Gen yon bann timoun san papa ladann Sa pa ladann, sa pa ladann (bis) M di li pa bon, li pa bon Sa pa bon, li pa bon M'di li pa bon, li pa bon Bagay sa pa bon, li pa bon(you know why)