Kingkvibe301 - M' pa vin betize lyrics

Published

0 119 0

Kingkvibe301 - M' pa vin betize lyrics

Verse I Kounya m' santi m' pa ka rete san m' pa pale E m' pa tankou nèg k' ap fe rap san l' pa t' pare M' n'on wout ki difisil men m' pap lache M' pran pozisyon m', f** tout sak fache M' pa atann tout moun pral renmen m' koz menm Bondye pa gen privilèj sa Kingkvibe301, nou pap bezwen di kiyès sa? M' pa nan lis nèg k' ap voye wòch epi k' ap kache M' voye dlo tout sa k' mouye yo si n' k' ab klache m' Bridge(bis) Nan rap M' pa vin betize(3 fwa) M' vin tape nèg nan game nan k' ap jwe Nan rap M' pa vin betize(3 fwa) Tout sa k' pa dwat ranje kò n' Verse II Koz nan trak pa m', pa gen pas pouki la Nan rap, pa gen plas bouki la Ou se sòlda? Pouki w' la? Mwen fò m' konn pouki m' ap mouri a Rapè so fresh and so clean, poutan y' ap mache sou fatra, pa vre? Tout se radòt, pou mwen se fatra y' ap pale Yo bouche nen yo pou yo bwè dlo santi Gen k' bouche nen yo pou pa konn nan ki nivo bouch yo santi Gade! Zo fè nèg pa gen konviksyon Anpil devan y' ap fè bri men yo pa gen vizyon Epi yo vle pou m' swiv yo! Mwen m' pap swiv yo Pou m'pa tonbe nan menm tou avèk yo Antank rapè m' gen pouvwa pou m' klere je avèg yo Sa k' klere twop toujou gen tandans pete je sa k' wè yo Mwen m' pap fè foli pou m' fè respè sa k' avè m' yo M' pa pou blood, m' pa pou crip lirik mwen pa ka bòne M' tèlman anmè, y' a di pouki m' pat mort ne Men m' la pou m' bay ipap jarèt Tout move manyè, m' vle fè yo disparèt Epi si w' pa nan gou m' m' pap di m' renmen w' menm pa amitye M' s'on moun ki fyè, nan fè sousou m' pa abitye M' pa gen foli star si w' pa renmen m' m' pap kriye M' ap di l' Redi l' Pou jouk tan l' afiche Nan memwa tout sa k' panse m' fè rap pou m' fè moun plezi Jamè, m' pito fè rap pou m' bay moun plezi Pwezi M' ekri Dwe ka fè w' reflechi Te-veri Dwe zanmi m' tout tan Menm lè l' ta fè y' vle re-ti m' Vouzan Pou tout sa k' di ke m' egri Y' ap plede di mouvman rap kreyòl, la m' twouve y'on jan ipokrit Gen lontan rap sou dife, jous kounya l' poko kwit Akoz rape vin tankou polotisyen Depi zafè y' ap mache se byen Mwen m' se gason m' pa ka nan tire pwen M' di sa m' santi, pi-e pwen