Kingkvibe301 - M' anme lyrics

Published

0 119 0

Kingkvibe301 - M' anme lyrics

Hook(bis) M' anmè Sa k' ape ranse l' mèt ret poze map pase pran l' M' anmè M' ap montre chak gwo nèg gen yon piti k' pou kase dan l' Verse I Lontan, nan rap King-K se te yon ti nèg poze Sa fè l' pa t' parèt oze Poze ! moman sa demode Ouvè zòrèy nou vin tand' on koze Lirik mwen pike ni blood ni crip paske yo mal kanpe Yo fè rap pa ka mache, sanble l' pran bal nan pye M' kòmanse, yo mèt babye m' p' ap kanpe M' ap kite yo bat kò yo pou mwen yo pa danje M' pa sòlda ankenn lame donk pa gen jeneral pou m' salye Kingkvibe301, K-fou, Block 18 se sa l' ye Sa k' di ke rap pa nan mwen se santiman l' l' ap kache Limyè pa m' nan ret limen pandan pa yo ap flache Nan baz mwen w' ap jwenn yon dal mastè Ki pa jwe ak fek rapè K' ap mache di yo ka fè rap Men kou Rony-V te di l' , anpil nan yo se mas tè Hook(bis) Verse II Nenpòt MC ki di li se rap, se pwòp tèt pa l' li pa konnen M' tande men lòbèy, kibò? Nan rap? M' p' ap kraponnen M' ap toujou di sa m' gen pou m' di dayè m' gen bouch mwen pou m' pale Nan misyon pa m' , gen rap la pou m' bourade Nan moman nèg yo tèlman pale K*** sanble yo genyen l' nan djòl yo Yo se andikap pou rap la, m' ap fout mete nan bòl yo Mwen pa labou, pa gen kochon k' ka raboure m' Kounya m' anmè, yo p' ap ran plezi savoure m' Se menm yo menm ki gate m', se p' a t' konsa m' te ne Kounya menm bit pran tranble depi m' estène Koz tout sa m' lage sou yo kounya ka blese moun Tout sa m' lage sou yo kounya ka vekse moun King-K Jodi pa King-K yè M' di l' deja men kounya n' wè l' Sou trak sa m' anmè Si m' anlè kòman m' ap fè pou m' wè anba yo Si m' pa wè kòman m' ap fè konn sa k' nan bak yo Hook(bis)