Kingkvibe301 - Je vise la victoire lyrics

Published

0 146 0

Kingkvibe301 - Je vise la victoire lyrics

Hook(4 fois) Je vise la victoire et le micro est mon arme Difficile soit cette war je ne vendrai jamais mon âme Verse I Vi sitiyasyon peyi m' nan trak mwen m' pa ka ap bay blag San fason, tan sa m' ta pito bay vag Si medyokrite se Martelly nou mèt pran m' pou Moïse Jean Charles Nèg fè elòj pou fresh li pandan l' n' on anviwonman sal Rapè, sa ta dwe la pou denonse… …Sa k' pa bon Sa k' pa bon… …Gen k' pa kapab paske pou repons yo ta dwe non se… …Wi m' dakò Pa gen diyite depi gen ti kras kòb M' ta prefere… …mouri tan pou m' ta rete an silans M' ap eseye… …Mete tout sa k' pa bon an evidans Y' a mete je… …Sou yo konsa y' a wè yo repinyan E m' ap espere… …Pou chase yo yo p' ap fè neglijans Morne l'hopital by Mad-S sanble medya yo pa vle li Koz mwen pa tande l', men m' rebite my Blackberry Anpil moun ap pwodwi sa k' bon pa ka ateri A l'ombre du show biznis, la yo chita y' ap peri Hook(4fois) Verse II Mwen tounen ankò men se pa ak menm pawòl yo Tout sa k' pa renmen m' di yo m' pa nwi jije m' se pa wòl yo M' ap k** medyokrite, move manyè avèk kout pawòl yo Sa k' fè pawòl nan trak mwen pa menm ak pa wòl yo M'ap peri Avan sa fèt m' ap bat pou m' di tout sa m' dwe di E diyite m' moun p' ap ka achte li Non, non koz m' pap fè rap pou m' fè show biznis M' p' ap bay detay, Ban m' f' on pase nan politik Pou m' f' on ti rale, pale Gade Tout ministè ap fonksyone nan legalite Pa vre? Gen k' bay papye apre k' mande pou w' legalize l' Kouman? Ministè li legal? Mèt gen atik pou kore sa bon mwen m' di l' illegal Ide sal… …Pou n' jete si n' vle devlope yi-pe sa Di yo sa… …Gè ensanse kite sa Politisyen fè referans atik sèlman lè l' nan avantaj pou yo Yo san won't! Domaj tèt sal se avantaj pou yo Hook(4fois)