HARMONIK - Diferan lyrics

Published

0 282 0

HARMONIK - Diferan lyrics

Mwen diferan Mwen konnen'm pa bèl gason E yo di mw sa souvan Mwen diferan Mwen konnen mw pa jènjan E nan je'w m'pa enpòtan M'konnen m'pa yon selebrite Lè m'ap mache fò yo kanpe Yo fawouche ak sa'm sanble E jan'm mache Pami tout nèg ki sou latè Mwen se dènye ou t'ap janm wè Sa pa detounen kouraj mw ak volonte mwen Mwen diferan M'gen dwa pa nan gou'w Mè m'konnen mwen gen konpetans Mwen diferan Tout gason ap fou pou ou E'm swete yo gen rezon (oh non eh) Mwen paka fache ak Bondye Pou'l envante'm yon lòt fason Pou li chanje yon vye crapo an prince chaman Nan je'w se pa yon zanj mwen ye Men sa ki anndan'mse li'k konte Kite'm montre'w kouraj mwen ak volonte mwen Si'w te ka ban'm yon chans Pou'w dekouvri anndan kè mwen Gade nan kè mw baby Pa gad sou aparans mw Gade nan kè mwen baby Gade nan kè mwen baby *chorus | Kwè'm kwè'm kwè'm | Mwen diferan | Cheri mwen diferan | Met men'w sou kè'm w'a wè | Gade nan kè'm w'a wè *bridge Mwen pa flannè ni m'pa konn abiye Men m'genyen konesans ak larezon M'pap ka mennen'w voyaje tout kote Men si ou vle ale Sou do'm m'ap pote'w Cheri m'diferan Let me show you How I love you *bridge *chorus