Fantom - Lèzòm Fòkè lyrics

Published

0 842 0

Fantom - Lèzòm Fòkè lyrics

[Verse1: Fantom] Ou pa renmen l vre Lesten… An! Dim konbyen moun kounye'a ou konnen kap bay vi l' pou yon lòt E konbyen moun kap aksete soufri grangou pou yon lòt Konbyen Ayisyen k' pa vle pati, k' vle ret patriyòt E di konbyen nèg ki gen madanm ki pa janm ba li matlòt M' vle ou dim, dim si lèzòm pa fòkè Aprè 12 Janvye si Ayisyen t'ap viv an frè Yon moman kè yo anfle, yo vle touye pròch la Si ou konnen ou pa peche voye premye ròch la Si viv pou ou se manje diri ak pwa Dòmi vant plen leve demen san ou pa gen espwa An! Ou paka vle pou prochen'w lan viv konsa Pandye de men l' bò lari a ap mande moun dola Ou bay moun responsab sòw Pandan se ou'k mèt desten'w Repoze espwa'w sou moun paske'w pa kwè nan demen'w Depi'w razè se premye obstak ke ou kwaze sou chimen'w Di pouka bliye problèm solisyon an se fimen'w Prosede pa ouvè kò ankò Yo fè rezon pòv tounen tò Goumen pa alamòd Se katouch ki fè'w wè koulè blòd Jèn fanm pa bay tan pou koze Se Spageti ak ji Paske mizè a ap ogmante Lavi a vin pi di Jèn gason k' pa gen pasyans nan kidnaping genyen k' fronte Boss la pou l' ta ba'w yon djòb fòk se moun pa l' oubyen l' fronte ‘w Kolè Bondye pa fè n pè, èske'n pa trouve'n fòkè N'atake menm la nati paske'n panse'n se mèt latè Kè[...] Kilè nap sispann jwe ak defye pouvwa Bondye Nou bliye ke se li'k te jere'n Nou bliye ke se li'k jere'n Pouki lòm ap fè lòm soufri paske yo se doktè Yo di yo se Bondye…Kad'jan lèzòm fòkè, lèzòm fòkè [Verse 2: Fantom] Gen peyi k'la pou lagè Gen peyi k' la pou la pè Gen prezidan ki vle ede Genyen tou ki eksplwate Konba pou zam nikleyè Petròl pou kontrol latè Toupizi sak' pi piti gad'kijan lèzòm fòkè Tout kote ka anrichi yo, yo met anpriz sou li Kreye troub nan lòt peyi yo pou fè kwè yo se Jezi Menm konnen gon dènye jou lè sa yo tout ap sezi Kite lèzòm ouvè kò yo Bondye se dènye mezi Lèzòm fè sal vle, jan l vle, lè l vle, kote l vle Di sa l vle, gen dwa sa l vle, pran pròz save, yo se san zave Yo tèlman fou, yo fè lajan tounen Bondye Kite yo an! M' konnen gen yon jijman dènye Kou nan do yo toujou bay Nèg fè nèg tounen kobay Yo menm trible pwòp lonbray yo Yo met divizyon anndan kay yo Vann nanm kay Djab pou gen kòb Moun ki kalifye …yo pa bay djòb Kou pitit, papa pa gen lòd Rich pa pran pa avè pòv Frè ap vyole sè Polis kou bandi jwe wòl toutè Kounye a ti rouj se kidnapè Ti nèg nwè rejwenn respè Legliz vin tounen biznis Pastè ap travay pou l' rich Ougan tounen gro blofè Frijidè vin pran plas tout krich Depi lontan nap vyole lwa Nou te touye Jezi Kri M' konnen n'ap vle klourem sou kwa Sa pap anpeche di plis Dim kilè nap konprann ke se nou ki lokoz tout kriz M' konn parwòl mwen, pral fè tout sa'k pa dwat yo friz Kè[...] Kilè nap sispann jwe ak defye pouvwa Bondye Nou bliye ke se li'k te jere'n Nou bliye ke se li'k jere'n Pouki lòm ap fè lòm soufri paske yo se doktè Yo di yo se Bondye…Kad'jan lèzòm fòkè, lèzòm fòkè …….. [Verse 3: Fantom] Yeah! Ou menm kap tande mizik sa, m' vle ou poze tèt ou kesyon si ou pa janm fè ankenn bagay fòkè nan vi w. Mwen menm m' fè anpil. Nèg pa vle wè nèg. Nèg pa vle wè byen pou nèg. Nèg pa vle wè nèg avanse. Li pap fè yon pa ou pa dwe fè yon pa tou. Ou dwe ret la menm kote avè l. Ap rive yon epòk pandanw'ap fè manje lakay ou se an kachèt w'ap oblije fè l paske vwazinaj la ka vin pran l' osinon l' vin pran ou, l'ap pouse grif….lèzòm fòkè, epi m'ale... lèzòm fòkè