Dadi - Marasa lyrics

Published

0 317 0

Dadi - Marasa lyrics

[Intro] Mwen pap janm bliye Lè mwen te gen 2 zan Lapli t'ap koule Mwen toutouni m'ap danse san pwoblèm Se lè sa yon ti granmoun k'ap fimen yon pikachimbo Li vin mande'm kote band lan ale Se lè sa mwen tonbe chante Rara kòmanse (X3) Dadi gad misye k'ap rale zam! Ou anvi tire pèp lan ou fou?! (BRRR) [Hook] Ou mèt detwi kò mwen, ou paka detwi nanm mwen Nanm mwen se sa k'ap e pale avèk ou a Ou mèt fiziye kò mwen, ou paka fiziye nanm mwen Nanm mwen se sa k'ap e pale avèk ou a [Verse 1] Gade jan y'ap pale fò men lè nou pral fini Mwen wè nou sou beach avèk fi ak bikini N'ap bwè 5 zetwal, gade jan n'ap viv Timoun piti yo paka achte yon liv M'ap di yo siviye HIV Si nou pa met pantè nou n'ap e tounen zonbi (uh huh) Chyen k'ap touye chat, siviye'n Paskè yon lèt chat lan gen pou'l grafouyen'w Bondye fè pwomès li pap janm bliye pitit li yo Si'w kwè nan li l'ap fè'w mache sou dlo [Hook] [Verse 2] Pèp lan pran kou a Ou di mwen fou a Chak fwa m'pale mwen pale de Ayiti a Si m'pa pale, wòch ap pale Si'm pa chante, zwazo ap chante Klou klou diklou, klou klou diklou Pandan m'ap dòmi, mwen reve syèl la Lè mwen gade byen mwen wè'l di "Viktwa" Viktwa pou Ayiti, se lè sa mwen sonje Mwen menm avèk ou nou se pitit Bondye E Bondye pap janm bliye pitit li yo Si'w kwè nan li l'ap fè'w mache sou dlo Blackout (Woy!) Gade peyi an pran yon blackout Mezanmi kot flashlight lan mezanmi? Blackout (Vinn a balèn lan) Gade peyi an pran yon blackout Kot zanj Gabriyèl mezanmi? [Bridge 1: Dadi] Libète, se sa pèp lan ap chante Inite, nou fè lontan n'ap chache'l Tèt chaje, yon mizè ki vin debake O papa Bondye Ban'm fòs pou m'delivre [Bridge 2] N'ap goumen goumen pou Boukman (X3) Paske viktwa li se pou nou N'ap goumen goumen pou Boukman (X3) Ou mèt pouse piga ou pile'm N'ap goumen goumen pou Boukman (X3) Paske viktwa li se pou nou N'ap goumen goumen pou Boukman (X3) Jis tan nou ka viv nan lapè Marasa (X3) Mwen menm a Ayiti se marasa nou ye (Repeat) [Hook] Kot zanj lan? [Bridge 1] [Bridge 2]