BIC - Rap Prezidans lyrics

Published

0 159 0

BIC - Rap Prezidans lyrics

Track Name: Rap Prezidans (Lyrics) Artist(s): Doc Filah Feat BIC Album: A.S.T.R.E (Akrilik Sou Twal Rezon) Producer: Dj Rey (De Santiago Cuba) [Intro] Ou Pa Bezwen gon kaye 36 Paj Ni ou pa bezwen gon pil laj Pou konprann istwa Dayiti a Doc Filah Bic ap Prezantew RAP PREZIDANS [Verse 1] Touye DESSALINES pou dan ri/ nome HENRY CHRISTOPHE apre yo bal dan di,/ Dal bandi/ enpoze rezon Fleri san poze kesyon/ enpoze PETION/ koule beton/pou monte 2 blok kip at ka kanpe nenpot JEAN san PIERRE devan BOYER/ aksepte peye rekonpanse yon metropole paske l te byen pwayen/ bwayen'/ Bwaye lakoz nou noye'n nan rivye Era (RIVIERE HERARD) / nou pran nan plizye mera/ Akao pat kwe nan sa/ pike yo pat kontan sa, kako yo pat konprann sa/. Yo konsyan yo se pitit Gerye nome PHILLIPE GUERRIER, mort au pouvoir soti la tete haute/ pandan peyi a vire tet anba sa vye di avec les Pye wo (PIERROT). RICHE Iletre pwogesis, pou SOULOUQUE se lwa yo ki konte, sete tout festin sou FAUSTIN 1er [Hook...] Yo di Istwa Dayiti a todye Men se li nou tout etidye Siw presidan jodia wap nan istwa demen Fe saw konnen pouw pa pase pou lafimen Istwa Dayiti a mal rakonte Sou ki istoryen pou nou konte Pase toujou kite tras avni pa bay gras [Verse 2] Jefra (GEFFRARD) koule/ , RICHE ekzile/, Sena nome SAJET, Saj neg/, sede sa place pou SALNAVE/, 3 blok pran nesans/ sou efevesans/, lanmo MONTASSE te enkandesans/ te plen konsekans/ grav, SAJET nan no, DOMINGUE nan Sud, te gen Can*l pou san koule/. LYSIUS SALOMON peye Lendepandans avan yon gouvenman LEGITIME/ antouraj pale toujou chaje ipokrit/ yo nome HYPPOLITE/ te gen lape se vre ki pat anpeche'n konnen de si gran pan/ pat gen kontrisksyon sat gen siman sab/ sete menm istwa menm tablo ak TIRÉSIAS SIMON SAM/ NORD ALEXIS, ANTOINE SIMON, CINCINNATUS LECONTE GRIYE, TANCRÈDE AUGUSTE, MICHEL ORESTE, ORESTE ZAMOR, DAVILMA THEODORE, VILBRUN GUILLAUME SAM/, 6 prezidan nan 3 an avan Okipasyon Yanki Tonton Sam. / (1915) [Hook...] [Verse 3] DARTIGUENAVE premye tchoul blan, LOUIS BRONO pote lopital lekol medecine/ EUGENE ROY monte presidan par imterim/ sou STENIO VINCENT Dominiken masakre travaye Ayisyen anviron 15 mil/ ELIE LESCOT pran kou deta, ESTIME demisyone sou presyon lame/ apre Maglwa (MAGLOIRE) 3 chef deta, NEMOURS tire selman 5 mwa 40 jou nan men ane (FIGNOLE) / Papa Doc baby Doc Dicta, Pe fis pran fin le 7 Fevriye 1986, MANIGAT pat jwen Gras NAMPHY, PROSPERT AVRIL non plis pat jwen gras NAMPHY, ERTHA PASCAL TROUILLOT se premye fanm ki presidan/ rezilte anba kou deta LAFONTANT/ fe pasasyon pouvwa demokratik bay ARISTIDE, kou deta defacto CEDRAS, NERRETTE, ARISTIDE tounen fe ti pas kout bay PREVAL, a moi a toi une deux cla**ique nan style toke, BONIFACE Bo Gason, PREVAL fe Eleksyon nan anbyans kip a sweet, MICHEL MARTELLY alians Micky/ pase de presidan konpa a Prezidan peyi [Outro] Istwa se yon pepetyel rekomansman, kon di pe Toma NAP SIB, a Swiv Doc Filah BIC, Tizon Dife Recordz