AVE W MWEN YE Avè w zanmi m ap pale Ou di w konn pa dòmi Pou w tande mizik mwen Ou di pa gen manti Mwen son bon mizisyen M konpoze kou Moza Vokal mwen gen pouvwa Si mwen te konn valè m M ta antre tout chantè Ou di m ap gaspiye Nan chante nan legliz Nan bal se la pou m ye Fè medam tonbe kriz Mete rad sipèsta Fé tenten pou dola Fè chòk ak promotè Tankou mèsenè Avè w zanmi m ap pale Mèsi pou bèl pawòl Men m fè sa yo deja Nou tout genyen yon wòl Ki transande tout sa Jwe mizik nan fèbren Pou ren ak je fèmen Pou moun k ap reflechi Sa pa ka sans lavi Bondye ba nou talan Nan amou l, nan grandè l Men sa k pi enpòtan Fò n byen sèvi avè l Ankouraje peche Nan viv pou vanite Ka kòz nou vin modi Ka kòz nou pèdi Refren 1 Mwen byen kontan Ou konn apresye talan Men gen bagay nan lavi Ki pa gen pri Ou dòmi w leve Ou sòti w antre Di m konbyen fwa ou remèsye Bondye Sa se yon SOS Pou mizisyen frè m yo K ape detwi jenès Ak nanm Bondye ba yo Akwabon pou w genyen Fanatik tout kote Ka lè 2 je w fèmen Tout se vanite Refren 1 Chante fanm lakilti
Anyen pa mal nan sa Dyaze pou lapatri Sa li menm son w devwa Men kote nou kite Moun ki ba nou lavi Sa n fè nan je Bondye Ki fè li plezi Refren 1 Refren 2 M ap mande, m ap mande wo wo M ap mande fè tèt nou yon kado (bis) Michael, Tantann Si nou konprann Ki sa n ap tann Micky, Charlot Cliff, Roberto Pa fè zewo King Kino, Gracia Delva Nanm nou ka pran nan 3 wa Odènye jou pa p gen gwo sta Travay pou n pa ret anba Jacques Sauveur Jean Pagen twòp tan Fòk ou fon w jan Princess Georgie Kot ti-Kenny Tan pral fini Amstrong Jeune ou gen vokal Ak zanj ou ka fè koral Men fòk depi jodi a Ou remèt vi w bay nonm sou kwa a Refren 2 Alan Cave Jan w konn chante Chwazi Bondye Gazzman Koulè Pran Larivyè Pa ret dèyè Ritchie, Frero, Reginald Nanm nou ka pran kou fatal Jude, Pouchon, Pipo, TiJoe Eske non nou ekri anwo Kite m chante Pou Bondye Kite m chante Fòk nou ka wè Eta latè Fòk nou ka wè Mwen-menm Tibob pran devan Men nou pa dwe pèdi tan Nou konn laglwa n konn ladefèt Si n vin jwenn Kris sa n ap regrèt