Pidjeypi - Mwen Bezwen Yon Nwèl "Lyrics" [Premyè Pati] Mwen bezwen yon nwèl Pou tout malere Sak paka manje'k nan mandyansite Nwèl se linyon, lajwa ak lagete Menm sin pagen milyon dekwa pou nou fete Mwen bezwen yon nwèl Ki pap gen dlo nan zye Kote tout moun ka viv san kè sote Mwen bezwen yon nwèl Pou lanmou renye Ann depoze zam pou peyin avanse [Refren] Ou ouuuu Mwen bezwen yon nwèl Ou ouuuu Mwen bezwen yon nwèl Ou ouuuu Mwen bezwen yon nowèl [Dezyèm Pati] Mwen bezwen yon Pou tout politisyen An nou fè lapè paske'n se ayisyen Mwen bezwen yon nwèl Pou moun an ayiti Sispann koupe pye bwa pwoteje lanati Mwen bezwen yon nwèl Pou peyim chanje Pou tout moun al lekòl Pou tout moun jwenn sante Paske se nwèl sa Pidjeypi swete Sin renmen mizik sa ann edem chante [Refren] Ou ouuuu Mwen bezwen yon nwèl
Ou ouuuu Mwen bezwen yon nwèl Ou ouuuu Mwen bezwen yon nowèl (2 fwa) [Bridge] Eh! ya Nwèl se pam liye Nwèl se paw liye Se mwen'k pou diw kijanm santim yela Abdenwèl tout kote Pidetwal ap klere Si se vre'n renmen Ayiti Ann di jwaye jwaye nowèl [Twazyèm Pati] Mwen bezwen yon nwèl Pou peyim respekte Ak yon bon leader ki ka pwoteje'n Pou tout lòt peyi ka respekte'n Pou frèm ak sèm yo sispann maltrete Pou leta peyim sèvi e pwoteje Pou tout anplwaye nan peyi a touche Paske se nwèl sa Pidjeypi swete sin renmen mizik sa ann edem chante [Refren] Ou ouuuu Mwen bezwen yon nwèl Ou ouuuu Mwen bezwen yon nwèl Ou ouuuu Mwen bezwen yon nowèl (2 fwa) [Refren] Ou ouuuu Ou ouuuu Ou ouuuu Mwen bezwen yon nowèl Ah ah aaah Itz Pidjeypi Pidjeypi Pidjeypi Pidjeypi